FASON OU KAB YON Bon Vwazen

Yon gid pou pwopriyetè kay rezidansyèl, lokatè ak rezidan

Nap akeyi ou ak de bra nan Vil Lake Worth Beach, yon bèl ti vil bò lanmè ki gen renome pou jan l byen plase tankou yon ti paradi epi pou apresyasyon li pou listwa, kilti, anviwònman ak divèsite. Met sou sa, se yon kote ki gen anpil katye kote moun antann yo byen, chak katye gen cham pa yo ak idantite pa yo. Se tout bon kalite sa yo ki fè moun anvi vin rete nan Vil la.  Antan mèt kay, lokatè ak moun vil la ki gen sans responsablite, ki toujou bay sipò yo, tanpri ede Vil la kenbe epi selebre mòd vi akeyan li an ak “Bèl Fason pou Viv an Florid.” 

Lake Worth beach The One Building

Bon sans responsablite pwopriyetè kay kreye bon katye epi sa ogmante valè pwopriyete yo.

Pwopriyete rezidansyèl nan Vil Lake Worth Beach mande bon jan antretyen pou yo kab ret an bon kondisyon. Vle ou pa, kay deteryore nan tout katye si pa gen moun ki antreteni yo kòm sa dwa.

Dapre done estatistik, kay abandone oswa bilding ki fèmen ak planch ka fè lòt pwopriyete zòn nan pèdi valè. Fatra nan yon katye kapab fè pwopriyete pèdi valè tou. Poutèt sa, lè valè pwopriyete nan yon zòn bese, zak kraze kay, grafiti, ak krim ka fèt pi souvan.

Gen yon solisyon ki senp pou mentni valè katye ki nan Vil la;

Mèt kay, lokatè ak rezidan dwe pran responsablite yo an men!

Objektif bwochi sa a se pou enfòme tout rezidan yo e pwopriyetè yo. Bwochi sa a se yon gid ki eksplike tout règleman konsènan jan pou moun mentni kay yo, li bay yon lis vyolasyon kòd ki fèt pi souvan ak fason pou korije yo, ansanm ak enfòmasyon konsènan lisans biznis, pèmi konstriksyon ak planifikasyon/zonaj/prezèvasyon istorik.
lwb cottage

Property Check List

Structures

Estrikti
Bwa pouri, planch ki kase oswa ki manke, fenèt, moso tòl, oswa moso chingol, epi sèvi ak materyèl nan tout kò kay la pou pwoteje kay la kont move tan, kont ti bèt/rat kap eseye antre nan kay la epi kont gwo bri. Eksteryè yo dwe rezistan ak dlo epi yo dwe kouvri ak penti, ak yon kouch enpèmeyab, ak tòl ki kouvri tout kò kay la, ak mòtye ki randui kò kay la, ak brik, oswa ak wòch ki an bon kondisyon.
Enspekte
Mi eksteryè, chapant tèt kay la, poto nan tèt kay la, plafon kay la, planch nan bòdi tèt kay la, do kay la, ranp eskalye yo, teras yo ak galri yo, kloti yo (yo tout dwe an bon eta epi nan yon wotè ki legal), tcheke fenèt yo ak griy nan fenèt yo pou wè si yo pa deteryore oswa kraze. Jete tout dechè konstriksyon.
house repair building with ladders
Antretyen Lakou

Raje ki depase 12 pous bò kote yon pwopriyete amelyore se yon vyolasyon Kòd Antretyen Pwopriyete Vil la.

Machin yo

Tout machin dwe kapab mache, yo dwe an bon kondisyon pou yo deplase pou kont yo, epi fò yo anrejistre epi fò yo gen tag ki pa ekspire. Moun pa gen dwa kite machin ki pa anrejistre oswa ki gen tag ki ekspire lakay yo. Règleman vil la pa pèmèt moun estasyone machin komèsyal ki ka pote plis pase yon tòn nan yon katye rezidansyèl.

Òdonans sou Afè Bri

Vil Lake Worth Beach gen òdonans anplas pou regle nuizans bri. Gen limit sou afè bri moun kab tande. Yo etabli limit yo tou depan si pwopriyete a sitiye nan yon katye rezidansyèl, nan mitan lavil la oswa nan lòt zòn nan vil la. Se PBSO (Depatman Sherif nan Kontre Palm Beach) kap fè moun respekte dispozisyon òdonans sou kesyon bri yo. Si gen twòp bri, moun ta dwe fè yon plent konsènan bri a nan yon nimewo ki pa pou ka ijan nan (561) 688-3000. Pwopriyete ki resevwa plis pase twa plent ki verifyab pou afè bri, yo kab konsidere pwopriyete sa a kòm yon nuizans kwonik epi sa kab lakòz yo bay mèt pwopriyete sa a kontravansyon oubyen lòt restriksyon.

Business and Rental Activities and Licensing

historichouse

Yon Lisans Biznis Lake Worth Beach obligatwa pou opere tout lokasyon rezidansyèl yo ak biznis komèsyal ki sitiye nan limit vil Lake Worth Beach ki enkli lokasyon pwopriyete komèsyal yo. Yo pa pèmèt lokasyon akoutèm 60 jou oswa mwens nan Vil Lake Worth Beach.

Lisans pou fè biznis nan Lake Worth Beach gen 3 pati:

  • Resi Taks Biznis (BTR)

  • Sètifika Itilizasyon ak Okipasyon

  • Enspeksyon Itilizasyon ak Okipasyon (obligatwa chak 3 ane) – yon frè va parèt nan avi renouvèlman an lè yon enspeksyon dwe fèt

Pa bliye yo pap konekte sèvis Vil la bay tankou dlo, kouran ak egou pou nouvo lokatè yo  sòf si gen yon lisans Vil biznis ki valab, ki aktif nan dosye pou pwopriyete a, ki gen ladan itilizasyon ak enspeksyon lokatè ki nesesè. Kouran, dlo ak gaz ka tanporèman konekte pou fè enspeksyon, reparasyon ak/oswa pou mentni lokal la.

Si yon pwopriyete rezidansyèl pa klase kòm yon kay prensipal (“homesteaded”), la oswa yon kote pou lwe, mèt kay la dwe ranpli yon deklarasyon ak Vil la pou fè konnen kay la pa pou lwe.

Finalman, tout pwopriyete ki nan lwaye, mèt pwopriyete a dwe bay Vil la nimewo telefòn ak adrès email yon moun lokal kòm kontak. Moun sa a dwe disponib 7 jou sou 7, 24 è sou 24 pou moun sa a kab jere nenpòt pwoblèm ki ta prezante sou pwopriyete ki nan lwaye a.

Vil la pèmèt moun vann efè pèsonèl yo devan pòt kay yo (“garage sales”) lavant garaj 2 fwa pa ane, lavant lan pa dwe depase 72 èd tan.

Tanpri kontakte Depatman Lisans Biznis, pa telefòn si ou gen kèk kesyon nan nimewo sa a (561) 586-1647 oswa pa email nan [email protected].

Home Occupations

Biznis Lakay

Biznis ki baze anndan kay prive dwe gen bon jan lisans. Pou katye a ka toujou sanble yon katye rezidansyèl, fò tout aktivite biznis fèt anndan kay la. Depo deyò ak pankad devan kay entèdi, osi byen moun kap fè gwo bri, lafimen, pousyè epi sèvi ak bagay ki degaje move odè.  Sikilasyon pyeton ak machin pa dwe depase sa ki ta dwe espere nan yon katye rezidansyèl.  Kapab gen lòt règleman zonaj anplis sou kesyon sa a. Tanpri kontakte Biwo Planifikasyon ak Zonaj la nan (561) 586-1687, oubyen voye yon email nan [email protected] si w bezwen plis ransèyman.

Frequent Code Violations

Vyolasyon Kòd ki Fèt Souvan
Estanda Antretyen Wotè gazon an pa gen dwa depase 12 pous. Lizyè dwe byen konsève epi yo pa dwe anpeche aksè nan yon pwopriyete oswa idantifikasyon li pou rezon ijans. Fatra, gwo fatra ak dechè plant pa kapab lage nan lakou kay la epi fò yo dwe byen jete. Fatra, gwo fatra ak dechè plant pa kapab lage nan lakou kay la epi fò yo dwe byen jete. Fatra menajè/moun pwodwi nan kay, tankou fatra nan kizin, rès manje ak lòt ti bagay nan kay moun voye jete, kolekte 2 fwa pa semèn. Fò moun mete kalite fatra sa yo nan yon bwat fatra nwa Vil la bay epi fò yo mete bwat sa a bò lari a devan kay la. Fò kouvèti bwat la fèmen epi kote pou bwat fatra a ouvè a dwe bay fas li sou lari a. Dechè ki sòt nan plant, kolekte 3 fwa pa mwa yon jou ki pwograme pou sa. Gwo atik tankou mèb, matla, aparèy elektwomenaje ak lòt bagay ki twò gwo pou mete nan bwat fatra a, kamyon fatra ranmase yo yon fwa pa mwa yon jou ki pwograme pou sa. Pou w konn ki lè yap pase pran fatra devan kay ou, telechaje aplikasyon Recycle Coach la oswa tcheke sit wèb Vil la. Sit wèb Vil la gen eksplikasyon sou kouman yo ranmase fatra. Si w bezwen plis ransèyman, tanpri telefone biwo Solid Waste & Recycling Division nan 561-533-7344.
Règleman Bwat Fatra/Dechè Plant
Òdonans Vil la defann moun mete bwat fatra, bin resiklaj, ak pil dechè plant/gwo fatra bò lari a anvan 6è diswa lavèy jou ki pwograme pou yo ranmase fatra a. Moun dwe wete tout bwat pou mete fatra a devan pòt kay yo menm jou yo fin ranmase fatra a. Moun dwe mete bwat fatra yo yon kote moun kap pase nan lari pa ka wè yo. Si w bezwen plis ransèyman, kontakte biwo Solid Waste & Recycling Division nan 561-533-7344.
Machin ki an pàn/Machin ki san plak
Yon machin ki an pàn se yon machin ki pa kab kondwi. Tout machin dwe kapab mache epi yo dwe an bon kondisyon pou yo deplase pou kont yo, epi fò tout machin anrejistre epi fò yo gen tag ki pa ekspire. Yo entèdi moun kenbe machin ki pa byen fonksyone, ki pa anrejistre oswa ki pa gen plak sou yon pwopriyete rezidansyèl.
Depo ki Deyò
Depo deyò ekipman, materyèl, oswa mèb yo entèdi sou pwopriyete rezidansyèl yo. Menm jan an tou, mèb pou andedan kay, ni frijidè ak fou, pyès pou machin, oswa materyèl konstriksyon pa ka estoke deyò.
Move Koupe Pye Bwa (“hatracking")
Lè w byen koupe pye bwa ki bay lonbraj, sa fè pye bwa a byen estriktire epi lè sa a pye bwa a kab reziste move tan e siklòn. Lè w byen koupe pye bwa yo, pye bwa yo parèt bèl epi yo dire lontan tou. Leta entèdi “hatracking,” yon teknik debranche pye bwa kote moun koupe tèt yon pye bwa pou fè li vin plat, koupe branch prensipal la, oubyen branch prensipal yo, koupe branch ki fin grandi, epi ki gen yon dyamèt plis pase 2 pous. Vil la rekòmande mèt kay sèvi ak yon ekspè pye bwa (aborikiltè) ki sètifye pa yon oganizasyon ki rele “International Society of Arboriculture (ISA).” Ale sou sitwèb sa a: https://www.treesaregood.org/findanarborist pou w jwenn yon aborikiltè sètifye nan zòn nou.
Machin ki Gwo Anpil
Òdonans Vil la pa bay moun dwa pou yo swa sere oswa estasyone machin komèsyal ki kab pote plis pase yon tòn, nan yon katye rezidansyèl; ni nan lari a ni sou pwopriyete prive w.
Fè Travay nan Kay san Pèmi Konstriksyon
Nan Vil Lake Worth Beach, lè moun ap bati kay oswa repare kay, fò yo gen pèmi konstriksyon. Tout reparasyon tankou fenèt, pòt, tèt kay, galri kay, kloti, galri nan lakou, adoken, antre remiz machin, epi ti kay nan lakou, pou mete zouti, tout mande pou mèt kay la pran pèmi. Anvan w fè okenn amelyorasyon nan yon kay, yo sijere mèt kay la kontakte Depatman Bilding nan (561) 586-1647, oubyen ekri yo sou email [email protected], pou w konnen si li nesesè pou w gen pèmi pou travay w ap fè a. Si pwopriyete w la nan yon zòn istorik, oubyen si w bezwen konnen si pwopriyete a nan yon zòn istorik, tanpri kontakte biwo Biwo Konsèvasyon Istorik la anvan ou planifye pwojè w la oubyen anvan w achte materyèl konstriksyon. Pou w pran yon randevou anvan ou depoze aplikasyon an, telefone (561) 586-1687, oubyen ekri yo nan email sa a: [email protected].
Bato/Kay Mobil
Bato ak Kay mobil yo (“RVs”) oblije estasyone sou bò oswa pa dèyè kay rezidansyèl yo (dèyè liy bilding la), epi fò gen yon kloti ki bare bato an oswa kay mobil la ak pwopriyete ki anfas kote yo estasyone a.
Depo Pòtab
Depo pòtab yo ki estoke tanporèman pwopriyete pèsonèl yo, limite a 1 inite depo pòtab alafwa, yon gwosè maksimòm 130 sf, ak yon maksimòm de 7 jou youn apre lòt. Inite depo pòtab yo ta dwe mete nan dèyè pwopriyete a, men yo ka mete li nan yon antre kay (“driveway”) si dèyè pwopriyete a pa fasil aksesib. Inite depo pòtab yo dwe refè yon minimòm senk (5) pye de liy pwopriyete bò yo, ak twa (3) pye de liy pwopriyete devan yo si inite la plase nan yon antre kay (“driveway”). Yon pèmi sit nesesè anvan yon inite depo pòtab kapab plase sou pwopriyete a. Kontakte Biwo Planifikasyon ak Konsèvasyon nan (561)586-1687, oswa [email protected] pou plis enfòmasyon.

Si w Resevwa yon Avi Vyolasyon

Si w gen kesyon, oubyen si w ap eseye korije yon vyolasyon kòd oubyen ou bezwen plis tan akòz kèk pwoblèm ou genyen, telefone Ofisye Kòd ki ap travay sou ka w la oswa mande pou pèsonèl Administratif Kòd la nan (561) 586-1652 oubyen ekri yo sou email sa a: [email protected].[email protected].

Si ou pa aji tousuit pou w rezoud pwoblèm ki fè yo ba w kontravansyon pou kòd ou vyole a, Vil la kab mennen kèk lòt demach tankou: fè netwaye yon pwopriyete oswa yon tè ki vid; Vil la kab fèmen yon pwopriyete ki abandone oubyen yo kab kraze kay la. Yo kab mete yon taks sou pwopriyete a pou depans Vil la fè, epi yo kab bay mèt pwopriyete a lòt fre ki ka akimile anplis vin mete sou pwopriyete a, si mèt pwopriyete a pa t peye frè yo. Objektif nou se konfòmite volontè konplè. Nou apresye kout men ou bay pou mentni katye nou yo an bon eta.

Pou plis enfòmasyon konsènan pwogram nan, tanpri kontakte Depatman Dirabilite Kominotè Lake Worth Beach nan 561.586.1756 oswa 561.586.1644 oswa nan email sa a: [email protected].

Contact Code Compliance